Abondans 歌词
Abondans - Belo/Queen Bee
Yon ti gout dlo
Ki vin ranvèse yon vè
Yon pawòl
Ki mete w an kòlè
Yon kout fil
Ki rive move lè
Yon ti jès
Wi yon senp ti erè
Oh non non non
Mwen pa pare pou ou ale
Pou yon jounen non
Non non non
Mwen pa pare pou ou ale yon pa pi lwen
Paske m renmen ou
M renmen w an abondans
Mwen renmen ou
Mwen paka kwè
Ke w'pa vle m ale
Aprè tout sa w te fè m
Jodia m revòlte
Tout efò m'te fè
Ke w pat janm apresye no
Non non
Non non non
Mwen pa pare poum mwen rete menm yon jounen
Non non non
Mwen pa pare pou nou ale yon pa pi lwen
Malgre m renmen ou
M renmen w pwofondeman
Malgre m renmen ou
Pa fè kou klodèt ni dore pa kite mwen
Mwen gen yon laj avanse
M paka rekòmanse ankò
Bélo non cheri se vre ke mwen renmen ou
Men ou sou banbòch toujou
M pito viv lwen ou
Ou di non non non
Mwen pa pare pou mwen rete pou yon jounen
Non non non
Mwen pa pare pou nou ale yon pa pi lwen
Alòske m renmen ou
M renmen w an abondans
Malgre m renmen ou
M renmen w pwofondeman
Tandiske m renmen ou
M renmen w an abondans
Baby se vre
M renmen ou
Pa fè sa
Pa fè sa
Pa fè sa
Piga w kite mwen